Pran etid CAVALIER la

Pran etid CAVALIER la.

Imèl: [email protected] | Nimewo telefòn: 305-355-4972

CAVALIER

Kisa CAVALIER ye?

Ekeperyans Kalsyòm ak Vazopresin apre yon Reyanimasyon ki Fèt Anvan Lè apre yon Blesi a, oswa yon fason senp CAVALIER, se yon etid nan kad yon rechèch ki pral gade si bay kalsyòm, vazopresin, oswa toude bonè nan tretman an t ap ede nan sove lavi pasyan ki blese k ap pèdi anpil san yo.

Nòmalman, lè yon moun pèdi anpil san, yo ka resevwa kalsyòm, vazopresin, oswa toude nan kad swen medikal nòmal, men se lè yo rive nan lopital la oswa lè yo entène nan yon depatman nan lopital kote y ap ba yo swen konplè (nan ICU). Lè nou moun k ap fè rechèch yo wè pasyan an malad ase pou l patisipe nan etid la, yo annik fè yon chwa (tankou jwèt pil ou fas la) pou yo gade si pasyan an ap resevwa yon medikaman etid oswa plasebo (dlo sèl).

Pou etid sa a, gen kèk moun ki gen blesi ki lakoz yo pèdi anpil san ki pran resevwa kalsyòm anvan yo rive nan lopital la, vazopresin anvan yo rive nan ICU a, e gen kèk k ap resevwa toude. Lòt moun yo ap resevwa plasebo. Yon plasebo se pa yon medikaman men li fèt tankou yon medikaman pou ede nan konparezon ak medikaman etid la pou aprann si medikaman etid la gen nenpòt vrè efè. N ap rasanble enfòmasyon ki soti nan dosye medikal pou tout gwoup nan kad etid la. Moun k ap fè rechèch yo ap gade toude gwoup moun yo epi gade si youn aji pi byen pase lòt la.

Etid la se yon etid “toude moun konsène yo pa gen detay”, sa vle di medikaman etid la ak plasebo a ap gen menm aparans pou ekip swen an pou retire nenpòt prejije kont medikaman an. Si yon bagay rive kote ekip swen an bezwen konnen kiyès yo te bay, gen yon plan sou pye pou ba yo enfòmasyon sa a rapid. Moun k ap fè rechèch yo pral konpare gwoup sa yo pou yo wè si blesi yon gwoup geri pi byen parapò ak lòt la. Met sou sa, moun k ap fè rechèch yo ap konpare gwoup pasyan ki resevwa kalsyòm ansanm ak vazopresin nan pou yo wè si gerizon yo fèt pi byen.

Kiyès k ap ladan l?

CAVALIER ap pran moun majè ki gen plis pase 18 an ak mwens pase 90 an:

  • Ki se pasyan ki blese grav ki pèdi anpil sa a (ki gen posibilite pou yo fè atak emoraji)
  • Yo transpòte lopital oswa k ap fè operasyon ann ijans nan yon etablisman k ap patisipe nan CAVALIER.

Ki kote rechèch sa a ap fèt?

Y ap fè CAVALIER nan lopital toupatou Ozetazini. Moun ki nan lopital k ap patisipe yo ka pase yon etap anvan loptal (kalsyòm oswa plasebo), etap lè yo nan lopital la (vazopresin oswa plasebo), oswa toude.

Moun ki nan Zuckerberg San Francisco General Hospital yo ap pase etap lè yo nan lopital la sèlman (vazopresin oswa plasebo).

Pou w wè etablisman LITES nan zòn ou an ak sou ki pwojè y ap travay, CAVALIER ladan l tou, tanpri gade map la.

Poukisa rechèch sa a?

Gwo chòk se prensipal rezon ki lazòz lanmò e moun k ap fè rechèch yo panse lè yo bay medikaman yo abitye itilize pi bonè pase lè y ap bay swen an nòmalman, met ak pwodui san yo sa te ka ogmante chans pou sove lavi.

Poukisa Kalsyòm?
Yo souvan bay pasyan ki pèdi anpil san yo san oswa eleman nan san an. Pasyan ki resevwa san oswa san oswa eleman nan san yo resevwa kalsyòm apre sa tou lè y ap pran swen, sa ki ede yo ak san ki kaye.

Moun k ap fè rechèch yo panse lè yo bay kalsyòm pi bonè sa ka pi bon pou diminye posibilite pou moun nan mouri.

Poukisa Vazopresin?
Lè pasyan yo pèdi anpil san, tansyon yo bese. Yo bay pasyan ki gen tansyon ba yo medikaman ki rele “vazopresè” oswa “presè” pou yo ka “prije” venn yo pou monte tansyon yo nan yon nivo ki bon pou sante yo.

Moun k ap fè rechèch yo panse lè yo bay vazopresin bonè sa ta ka ogmante chans gerizon pasyan ki tèlman blese grav lavi yo an danje paske yo pèdi anpil san.

Ki danje ki genyen? Ki avantaj ki genyen?

Pasyan ki pèdi anpil san yo souvan resevwa kalsyòm, vazopresin, oswa toude. Moun k ap fè rechèch yo panse lè yo bay medikaman sa yo pi bonè apre blesi a gen menm ris ak lè yo ba yo l kounye a. Moun k ap fè rechèch yo ka bay enfòmasyon ki sove lavi.

Kijan moun patisipe nan etid la?

Moun ki gen gwo blesi e ki pèdi e ki pèdi anpil san (ki gen posibilite pou yo fè atak emoraji) yo transpòte lopital nan yon etablisman rechèch k ap patisipe nan CAVALIER ak pasyan k ap fè operasyon ki ijan anpil pou blesi yo ka patisipe nan etid sa a.

Nòmalman, moun k ap fè rechèch yo dwe mande yon moun konsantman l anvan l ka patisipe nan yon etid. Piske yo dwe trete gwo blesi tousuit, ka pa gen tan pou jwenn konsantman. An jeneral pou yon moun bay konsantman l pou rechèch medikal, sa mande pou l li enfòmasyon, pale ak doktè ak enfimyè, epi pran tan pou l reflechi si l vle patisipe. Yon moun ki blese grav souvan pa ka fè bagay sa yo. Pafwa moun k ap fè rechèch yo ka pale ak fanmi pasyan an pou mande konsantman. Men, lè gen ijans lè yon moun blese grav, souvan fanmi an pa la oswa yo pa ka jwenn yo anvan yo trete moun nan. Etid sa pa ta ka fè san otorizasyon espesyal pou mete moun yo anvan yo bay konsantman yo. Otorizasyon sa a rele Eksepsyon pou Konsantman ki Baze sou Enfòmasyon, oswa EFIC. Kou moun k ap patisipe a fè mye e l ka bay konsantman l oswa fanmi l vin rive nan lopital la, moun k ap fè rechèch yo ap mande yo konsantman yo pou yo kontinye nan etid la. Pou plis enfòmasyon konsènan EFIC, tanpri gade.

Kijan pou m deside pa patisipe nan etid la?

Pou w di ou p ap patisipe nan etid la lè w kontakte nou nan nenpòt nan mwayen ki pi ba a epi fè nou konnen ou pa vle patisipe. Tanpri, asire w ou ba nou non w ak enfòmasyon pou n kontakte w pou nou ka pran kontak avè w. Nou ka ba w yon braslè ki fèt ak silikòn ki p ap ba w alèji pou w mete k ap montre ou pa ta dwe patisipe nan etid la. Tanpri, remake pa patisipe nan etid la sèlman vle di ou p ap resevwa kalsyòm oswa vazopresin nan kad etid la. Pa patisipe pa anpeche yo ba w medikaman sa yo nan kad swen nòmal wap resevwa.

Pou kesyon oswa pou w aprann plis konsènan etid sa a, tanpri rele nou nan 1-800-664-0557 oswa voye yon imel ba nou nan [email protected]